top of page

Fri, Aug 05

|

Tab Wonn

Tab Wonn Sou Reyinifikasyon Fanmilyal (Sesyon Kreyol)

Si w enplike nan reyinifikasyon fanmilyal, w’ap konsidere pou w ajoute l nan pwogram ou yo, oubyen ou senpleman enterese aprann plis de pwosesis lan – tab wonn sa se pou w! Se gratis pou n swiv e tab wonn yo ap fet online- konsa ou ka swiv kelkeswa kote w ye. Nap tann ou!

Registration is closed
See other events
Tab Wonn Sou Reyinifikasyon Fanmilyal (Sesyon Kreyol)
Tab Wonn Sou Reyinifikasyon Fanmilyal (Sesyon Kreyol)

Time & Location

Aug 05, 2022, 11:00 AM EDT

Tab Wonn

Guests

About the event

Reyinifikasyon Fanmilyal se yon pwosesis ki difisil men ki pote yon enpak pwofond – answit se kritik

pou n aplike meye pratik le nap fe reyinifikasyon pou n asire nou byen ede timoun ki separe de fanmi yo.

IBESR (otorite itatik sou byenet timoun yo an ayiti) genyen vizyon “yon fanmi pou chak timoun”, ki

montre nou nan ki nivo sa devni yon priyorite pou n asire timoun yo an ayiti jwen chans pou yo grandi

andedan fanmi yo. Pandan plis moun atrave mond lan vin pi byen konprann tout mal sa fe yon timoun le

li separe de fanmi li, plis oganizasyon an ayiti e atrave mond lan vin enplike nan reyinifikasyon timoun ak

fanmi yo – sitou timoun sa yo ki tap viv nan ofelina. Anplis de timoun ki nan ofelina yo, reyinifikasyon

fanmilyal kapab nesese pou timoun k’ap viv nan lari yo, pou timoun ki nan sityasyon restavek yo, pou

timoun ki viktim trafik, pou timoun ki nan prizon yo, ak timoun ki pedi, abandone oswa separe de fanmi

yo pou lot rezon.

Rejwen nou nan semen k’ap vini yo pou yon tab wonn sou Reyinifikasyon Fanmilyal! Aprann plis de

metodoloji reyinifikasyon fanmilyal e koman pou n aplike meye pratik yo nan pwosesis lan; dekouvri ki

defi yo ki prezante le nap esaye rekonekte timoun ki te separe ak fanmi yo – e dekouvri fason pou n

simonte defi sa yo!

Haiti Family Care Network prepare pou nou de seyans tab wonn sou Reyinifikasyon Fanmilyal, kote

patisipan yo ap pataje eksperyans yo. Patisipan yo soti nan twa oganizasyon diferan, epi yo gen

eksperyans dives nan fasilite reyinifikasyon fanmilyal nan diferan depatman an ayiti.

Lendi 1ye out a 1h nan apremidi a (EST) nap fasilite yon konvesasyon an angle ak patisipan swivan yo:

-Morgan Wienberg, Kofondatris & Direktris Egzekitif, Little Footprints, Big Steps

-Heather Nozea, Direktris Pwoteksyon Timoun, Rapha International

-Spencer Reeves, Direkte Egzekitif, Child Hope International

Vandredi 5 out a 11h nan maten a (EST) nap fasilite yon konvesasyon an kreyol ak Travaye Sosyal

swivan yo:

-Jean Rigot Joseph, Travaye Sosyal, Little Footprints Big Steps

-Nahomy Augustin, Manadje Aftercare, Rapha International

-Ketty Lorval, Manadje Sevis Sipo pou Espwa & Transisyon Fanmilyal, Child Hope International

Share this event

bottom of page